Kondisyon minimòm pou itilize Filmora
Pou suiv fòmasyon an epi itilize Filmora san twòp pwoblèm, òdinatè w ta dwe genyen omwen:
- Sistèm operasyon: Windows 10/11 (64-bit) oswa macOS
- Processeur: Intel Core i3 oswa AMD Ryzen 3
- RAM: 8 GB
- Espas disk: Omwen 10 GB disponib
- Kat grafik: Intel HD Graphics 5000 oswa ekivalan
- Koneksyon entènèt: Rekòmande pou enstalasyon, aktivasyon ak mizajou Filmora
Rekòmandasyon pou yon pi bon eksperyans
Pou moun k ap fè montaj videyo 1080p oswa 4K, nou rekòmande:
- Processeur: Intel Core i5/i7 oswa AMD Ryzen 5/7
- RAM: 16 GB oswa plis
- SSD: 512 GB oswa plis
- GPU: NVIDIA/AMD ak omwen 4 GB VRAM
Remak: Si òdinatè w pa trè pwisan, ou ka toujou aprann Filmora, men pou videyo 4K li pi bon pou itilize Proxy pou videyo yo jwe pi fluid pandan montaj la.